Nan yon tweet li fè sou kont X li jodi Madi 04 Mas 2025 lan, Jounalis Dyovany Michel eksplike, keManm Konsèy prezidansyèl tranzisyon an fonksyone menm jan ak dènye palman ayisyen an. Majorite vòt yo fèt nan echanj lajan oubyen chanjman responsabilite, san enterè nasyon an.
Li fè konnen ke nan Dimanch aprèmidi ki te 02 Mas 2025 lan, konseye Smith Augustin al rankontre Edgard Leblanc Fils lakay li nan lide pou l kowonpi l pou l vote an favè desizyon Plizyè konseye pran ak premye minis lan pou revoke plizyè direktè jeneral, nan lide pou yo gen kontwòl kèk enstitisyon kle tankou: Ladwàn, APN ak ULCC.
Pou nou pi klè, Konseye prezidansyèl tranzisyon sa yo: Emmanuel Vertilaire, Louis Gérard Gilles, Laurent St-Cyr ak Smith Augustin vle ranplase ak tout fòs direktè ULCC, a, APN, Ladwàn e menm PNH la. Yo prevwa yon konsèy minis jou k ap 6 Mas 2025 lan, yon jou avan Fritz Alphonse jean al fè ti kout prezidan pa l.
Kisa pèp la ka espere pandan gouvènman tranzisyon sa ki gen yon koulèv 7 tèt k ap dirije l? Jiskilè popilasyon an ap rale yon souf anba dechèpiyè sa yo ki fin souse ti rès la ansyen prezidan Jovenel Moïse te kite pou pèp la « ti rès la pou pèp la »? Antouka, n ap swiv.