Kreye nan dat 02 Mas 2023, Manno Info Plus Promo (MIPP) se yon medya anliy ki twouve l nan Bellamy, 5ième section Bas de Gandou, Bainet Sud’Est, Haïti. Yon gwo potorik gason ki se Immanuel Charles, yon pitit komin lan te vini ak bèl ide sa a, nan objektif pou enfòme popilasyon an ak imòtalize tout evènman ki gen nan komin lan.
MIPP pa sèlman yon senp medya, men se de grenn je ak 2 zòrèy popilasyon Benesyen an. Nan tout rankwen, MIPP la pou bay enfòmasyon. Maryaj, antènman, gradyasyon, fèt, elatriye, se zafè pa Manno Info Plus Promo.
Medya sa a gen nan tèt li yon gwoup jèn entèlektyèl avize, pami yo: Immanuel Charles, Dodney Revolus, Nédier charles, Villard Pierre, Jude Louissaint, Jeff Delivert. Ak ti sa yo genyen, jèn sa yo chwazi yon wout difisil, ki se fè popilasyon an rive jwenn bon jan enfòmasyon sou komin lan, Ayiti ak tout mond lan.
Mipp bay enfòmasyon sou: Politik, sante, edikasyon, espò, relijyon, anviwonnman, teknoloji, epi kouvri tout evènman nan komin lan.
Nan lide pou pèmèt popilasyon an jwenn pi bon enfòmasyon ki fyab, nan dat 30 Dawout(Aout) 2024, MIPP lanse sit entènèt li ki se: mipphaiti.com. Nan sèlman 2 lane, medya sa a gentan genyen plizyè milye abòne sou paj rezo sosyal li yo.


Ou ka li ak vizite:
Enfòme, fòme,distrè popilasyon an, fè vwa w rive kote w paka rive, se misyon MIPP. Al chache enfòmasyon nan ziltik pote ba ou, se objektif Manno Info Plus Promo.
Nan okazyon 2yèm lane egzistans medya sa a, n ap mande w sipò w jan w kapab, pou l kontinye avanse epi rive genyen materyèl nesesè pou enfòme w pi byen toujou.
02 Mars 2023/02 Mars 2025, 2 ans de combat au profit de la population Bainétienne, et tout Haïti.