Donald Trump anonse yè madi 25 fevriye 2025 lan, pandan yon konferans pou laprès nan Lamezon Blanch, li pral ofri yon kat rezidans k ap rele « Gold Card » – kat lò ak tout imigran rich yo.
Kat sa a k ap koute 5 milyon dola, selon sa Trump eksplike, ap tou louvri posibilite pou moun sa a vin sitwayen ameriken. Responsab Depatman Komès Ameriken an, Howard Lutnick, pwopoze pou pwogram sa a kòmanse nan 2 semèn.
Pwogram « Gold Card » la ta dwe ranplase pwogram EB-5 lan, ki te deja egziste pou envestisè imigran yo. Si pou imigran rich yo, Trump gentan jwenn yon mwayen pou kenbe yo, pou imigran ki pa Envestisè yo, li plis anvi kouri dèyè yo.
Avèk Luckson Saint-Vil