Nan lannwit 24 pou rive 25 Fevriye 2025 lan, bandi viv ansanm lanse yon atak tèrib kont komin Taba, espesyalman Taba 27, 25 ak zòn ki antoure l yo. Daprè enfòmasyon nou jwenn, plizyè moun ta deja mouri anba bal bandi yo.
Daprè kèk temwen nan zòn lan, kriminèl yo debake ak gwo zam lou, yo mete dife, kraze mi ak touye plizyè inosan. Kout zam te fè mikalaw pandan tout nwit lan rive nan maten
Jiskaprezan, otorite komin lan poko bay okenn enfòmasyon konsènan atak sa. N ap raple tou se nan yon semèn konsa, nan fen Fevriye 2024 la, gang viv ansanm yo te lanse yon tèrib atak nan Taba.