Konseye-Prezidan Laurent SAINT-CYR patisipe nan seremoni ouvèti 48yèm Konferans Chèf Eta ak Gouvènman CARICOM lan nan Barbade. Reyinyon estratejik sa a reyini lidè rejyon an pou diskite sou pwoblèm enpòtan yo, tankou sekirite, chanjman klimatik, mouvman lib ak entegrasyon rejyonal.
Ayiti reyafime angajman li pou ranfòse koperasyon rejyonal ak defann enterè sitwayen li yo sou sèn Karayib la.

