De(2) elikoptè militè Ameriken ateri nan ayopò entènasyonal Toussaint Louverture a jounen Samedi 28 Desanm 2024 la. Misyon yo se evakye sòlda ki malad yo nan anbasad Etazini an. Avyon sa yo ki rive san moun pat atann pwovoke panik nan mitan gang viv ansanm lan, ki panse yo sible pa yon operasyon militè, abandone zam yo epi kouri.
Daprè kèk sous lokal, gwoup ame yo te reyaji avèk vyolans pandan presans elikoptè yo. Panse ke manèv sa vize demantle rezo yo, kriminèl yo kouri yon fason pou simen twoub, epi kite atè zam ak machin pou evite konfwontasyon.
Ensidan sa a mete limyè sou jan gang yo vilnerab si ta gen yon bon entèvansyon militè etranje. Laperèz pou yon gran operasyon sifi pou ta retabli lòd ak sekirite nan zòn ki kontwole pa nèg ak zam yo.