Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a, Mesye Rameau NORMIL, fè yon rankont estratejik jedi 13 fevriye 2025 lan ak kòmandan an chèf Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal (MMSS) la, Enspektè Jeneral Godfrey Otunge, nan baz MMSS, ki chita nan Klèsin, komin Taba.
Pandan rankont sa a, Chèf Polis Nasyonal la ak kòmandan Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la te abòde pwen kèk pwen enpòtan ki gen rapò ak estrateji ki vize pouswiv batay anti-gang atravè peyi a yon fason ki pi efikas.
Anplis de sa, se te yon okazyon pou Direktè Jeneral Lapolis la te fè yon envantè sou nouvo
materyèl ak ekipman ki disponib pou fòs la, an patikilye sa peyi Salvadò te voye yo.
Direktè Jeneral la, Mesye Rameau NORMIL, atravè seri rankont sa yo, gen entansyon mobilize tout resous ki nesesè yo pou l ka kraze fotèy gang yo sou tout teritwa nasyonal la.
Rankont estratejik Direktè jeneral polis la, Rameau Normil ak kòmandan an chèf fòs sekirite miltinasyonal la
