Pòtpawòl Nasyonzini an, Stephane Dujarric deklare jodi Madi 04 Fevriye 2025 lan, ke Etazini mande pou sispann touswit kontribisyon li pou fòs sekirite miltinasyonal pou Ayiti a.
« Konsènan Ayiti, nou resevwa notifikasyon ofisyèl nan men Etazini sou sispansyon kontribisyon ki gen rapò ak fòs sekirite miltinasyonal la, »se sa Madam Dujarric te di.
Dapre enfòmasyon VOA di li jwenn, se Biwo Entènasyonal Dwòg ak Ranfòsman Lwa (INL), ki fè pati Depatman d Eta Etazini an, ki te voye lòd la bay ONU pou sispann asistans Ameriken pou fòs la depi 28 Janvye 2025 lan.
Desizyon sa a fè swit ak yon seri dekrè nouvo prezidan Ameriken an, Donald Trump, te siyen 21 janvye 2025 lan, konsènan sispansyon pou 90 jou yon pakèt èd finansyè Ameriken.
Pandan ke peyi a toujou anba enfliyans gwoup ame ki kontwole anviwon 80% kapital la, Pòtoprens malgre ogmantasyon siksesif twoup etranje yo, rediksyon nan kontribisyon etranje yo ta ka vin agrave sitiyasyon ensekirite a.
Sous: VOA