Jodi Mèkredi 29 janvye 2025 lan, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Leslie Voltaire, akonpaye pa Minis Afè Etranjè a, rankontre sekretè jeneral OIF la Louise Mushikiwabo, nan katye jeneral òganizasyon an nan Pari.
Madan Mushikiwabo reyafime sipò OIF pou Ayiti e li anonse nominasyon yon Anvwaye Espesyal pou sipòte efò estabilizasyon ak gouvènans. Òganizasyon an pral sipòte tou medya piblik ayisyen an nan kad referandòm ak eleksyon k ap vini yo, yon fason pou garanti yon deba enklizif ak enfòmasyon aksesib pou tout moun.
Rankont sa a gen pou objektif ranfòse koperasyon ant Ayiti ak OIF nan yon apwòch solidarite ak sipò pou devlopman peyi a.
Paris: Rankont ant Prezidan Leslie Voltaire ak Sekretè Jeneral OIF la
