Donald Trump anonse jodi dimanch 26 janvye 2025 lan yon seri sanksyon kont Kolonbi, sou plan komèsyal, finansye ak diplomatik, apre yo refize avyon militè Ameriken k ap transpòte imigran yo ateri sou teritwa l.
« Mwen aprann ke de vòl rapatriman soti nan Etazini, ak yon gwo kantite kriminèl ilegal, yo pa t otorize yo ateri nan Kolonbi. Daprè Lòd prezidan sosyalis Kolonbyen a Gustavo Petro bay, ki deja pa menm popilè ak pèp li a. « Refi Petro pou pa otorize vòl sa yo mete sekirite nasyonal ak sekirite piblik Etazini an danje, kidonk mwen bay administrasyon mwen an lòd imedyatman pou pran mezi ijan ak desizif sa yo, » se sa prezidan Ameriken an ekri sou rezo sosyal li a « Truth Social« .
Nan mesaj sa a, Donald Trump, ki te deklare batay kont imigrasyon yo lè li te dekrete eta ijans nasyonal nan jou envestiti li a Lendi 20 Janvye a, anonse etablisman ogmantasyon dwa lad2àn 25% sou tout machandiz enpòte Etazini k ap soti nan peyi Kolonbi.
Li ajoute ke dwa sa yo ka ogmante a 50% nan yon semèn. Li anonse tou yon entèdiksyon pou antre Etazini ak yon revokasyon viza pou ofisyèl Kolonbyen yo ansanm ak sanksyon finansye ak bankè.
Daprè sa nouvo lokatè mezon blanch lan di: »mezi sa yo se yon kòmansman ». N ap raple tou se pa sèl Kolonbi ki konteste desizyon Trump pran pou depòte imigran yo Etazini.