Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean ansanm ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis Jistis ak Sekirite piblik la Patrick Pélissier, Sekretè Deta Sekirite piblik la Mario Andrésol, Direktè Jeneral Polis la Normil Rameau, Responsab Misyon miltinasyonal (MSS) la Godfrey Otunge, Anbasadè ameriken an Dennis B. Hankins, Anbasadè kanadyen an André François Giroux, ak kèk lòt pèsonalite enpòtan, akeyi 218 nouvo polisye kenyan (213 gason, 5 fi) nan ayewopò entènasyonal « Toussaint Louverture », jounen samdi 18 janvye 2025 lan. Gwoup sila a reprezante 3e kontenjan ki soti nan peyi Kenya pou vin ede Ayiti. Nan sans sa a, li ranfòse plizyè lòt gwoup etranje ki deja fè pati MSS la pou ede fòs lòd Ayiti yo tabli sekirite nan peyi a.
Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean swete byenvini ak nouvo delegasyon kenyan an ki vin pote soutyen l ak peyi a. Li remèsye epi felisite Kenya ki se premye peyi ki te aksepte reponn pou vin ede Ayiti nan kontèks difisil sila a. Li renouvle konfyans li nan MSS la, epi anonse arive yon lòt kontenjan pou fen mwa a. Konseye-Prezidan an fè popilasyon an konnen nou rive nan yon moman baskilman epi Leta pare pou fè lagè kont tout bandi ki anpeche peyi a avanse. Li te tou pwofite anonse yon pwochen bidjè rektifikatif ki ap pote non »Budget rectificatif de guerre » kote gouvènman an ap priyorize sekirite a.

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, te pran lapawòl tou pou felisite epi remèsye Kenyan yo. Li swete nouvo gwoup la byenvini epi di li konte sou tout ajan yo pou ede Ayiti.

Responsab MSS la Jeneral Godfrey Otunge ak kèk lòt reprezantan fòs miltinasyonal la te pran lapawòl tou pou renouvle angajman yo pou ede Ayiti lite kont ensekirite a epi anonse peyi a pral rale yon souf nan jou k ap vini yo.

Avèk La presidence d’Haïti