Nan diskou orevwa li Mèkredi 15 janvye 2025 lan, Joe Biden eksprime enkyetid li pou wè Etazini tonbe nan men yon « oligachi », Donald Trump ak miltimilyonè teknoloji a dèyè l ‘. « Mwen vle avèti peyi a sou sèten bagay ki enkyete m anpil, » repete Demokrat 82 lane a, senk jou anvan li remèt pouvwa a bay pi gwo rival li a, prezidan eli Repibliken an. « Se sou konsantrasyon pouvwa a nan men yon ti ponyen moun ki trè rich » sa ka gen gwo konsekans si pouvwa yo pa limite. » »
« Yon oligachi ap pran fòm nan Amerik la » epi li « konkrètman menase tout demokrasi nou an, dwa debaz nou yo ak libète, » se sa Joe Biden di nan yon alizyon li fè ant Donald Trump, milyonè ameriken an, ansanm ak patwon teknoloji a Elon Musk.
Nan testaman politik li, Joe Biden repete: » yo dwe refòme kòd taks la pou moun ki pi rich yo peye sa yo dwe peye, entèdi lajan ki gen orijin enkoni nan sistèm elektoral la, mete limit sou manda jij yo nan Tribinal Siprèm lan, ak refòme Konstitisyon an pou anpeche prezidan an jwi iminite pandan li nan biwo a ».