Aprè plizyè ane ap batay pou kanpe entèdiksyon l nan peyi Etazini, responsab TikTok yo sou wout pou bay vag, epi kanpe aplikasyon an sou teritwa ameriken an Dimanch k ap 19 Janvye 2025 lan. Daprè sa @The information rapòte.
Aprè Aplikasyon an fin kanpe, gen posibilite pou bay itilizatè yo aksè pou kolekte enfòmasyon yo. Menm medya sa fè konnen, TikTok prevwa bay kreyatè yo mwayen pou yo telechaje ansyen videyo yo te genyen sou platfòm nan.
Annatandan Lakou Siprèm anonse desizyon final li sou dosye a, otorite Chinwa yo ap etidye posibilite pou Elon Musk, ki se patwon Space X, Tesla ak Twitter (X), ta achte aktivite TikTok yo nan peyi Etazini.