Premye Minis Britanik lan Keir Starmer denonse, lendi 6 janvye 2024 la, « moun ki gaye manti ak dezenfòmasyon » apre atak milyadè Elon Musk te fè sou jesyon yon ka eksplwatasyon seksyèl jèn fi nan peyi Angletè. « Manti ak dezenfòmasyon k ap sikile yo (…) pa enterese viktim yo, men pito Musk” se sa Keir Starmer te di nan yon konferans pou laprès. Nan yon seri mesaj ki poste sou rezo sosyal X, Elon Musk vize chèf gouvènman an, ansyen chèf biwo pwosekitè piblik la nan Angletè, e li montre sipò li pou yon figi nan ekstrèm dwat Britanik la, se sa AFP rapòte.
Vous pouvez aussi lire:
Le Bainétien
Journal Le Bainétien est un journal d'actualités sur la commune de Bainet et le reste du monde. S'informer autrement est notre mission.
facebook