Nan Mali, Joliba TV sispann emisyon l yo nan dat 26 Novanm 2024. Chèn televizyon prive sa a te sanksyone pa otorite kominikasyon Malyèn yo (HAC), sou demann Bikina Faso, aprè difizyon yon deba sou verite yon tantativ koudeta dejwe nan Bikina ki te genyen dout sou li. Jounalis Malyen yo rete mobilize pou retabli Joliba TV. Dosye politik sa a tounen yon pwoblèm nan restriksyon libète laprès nan Mali jeneralman nan twa peyi alyans eta Sahel YO(AES).
Nan yon emisyon deba sou Joliba TV, Issa Kaou N’Djim, yon figi politik nan medya ki trè popilè, estime ke imaj yo difize nan televizyon leta bikinabè RTB kòm yon tantativ koudeta dejwe sanble yon sèn ki gen misyon pou “detounen atansyon” “se vrè kesyon yo”. Pran prizon 13 Novanm, Issa Kaou N’Djim te kondane pou 2 zan prizon. Bò kote pa l, chèn Joliba TV te sispann emisyon depi sis semèn avan. Yon sanksyon ke Noël Yao, Prezidan Inyon jounalis près lib Afriken (UJPLA) an jije ilejitim.
Daprè Noël : « se yon menas pou libète laprès. Kèk mwayen ka pèmèt retabli yon enfòmasyon lè nou konsidere yon ògàn laprès fè erè. Dwa pou reponn lan se youn, nou ka fè yon entèvyou tou epi egzije difizyon l pou nou retabli sa ke nou estime ki pa byen di yo. Men sispann yon emisyon televizyon, sa ale nan bon sans demokrasi a.
Gen plizyè diskisyon ak otorite kominikasyon Malyèn yo, ki aksepte nan mitan Desanm lan pou remèt lisans Joliba TV a. Sanksyon sa a te pran nan Mali sou demann Bikina Faso, alye nan AES(Alliance des Etats du Sahel).