


Rankont estratejik Direktè jeneral polis la, Rameau Normil ak kòmandan an chèf fòs sekirite miltinasyonal la
Nan lide pou planifye pi bon estrateji efikas pou goumen kont gang yo nan peyi a, Rameau Normil rankontre chèf misyon fòs miltinasyonal la jodi Jedi 13 Fevriye 2025 lan. Rankont sa a tou te yon okazyon pou direktè jeneral PNH la evalye materyèl ki disponib pou fòs la , sitou sa peyi Salvadò te voye yo.

Ayiti: Lopital general ravaje anba flanm dife bandi san fwa ni lwa
Finalman rès lopital jeneral pase anba flanm dife. Malgre tantativ leta t ap fè pou relouvri l, yo p at kapab. jodi Jedi 13 Fevriye a, bandi fin boule rès ma ki te rete a.

