Home / International / Zafè Stormy Daniels: Donald Trump dwe parèt devan tribinal pou santans li 10 Janvye 2024 la

Zafè Stormy Daniels: Donald Trump dwe parèt devan tribinal pou santans li 10 Janvye 2024 la

Prezidan eli ameriken an Donald Trump, kondane nan Nouyòk nan prentan an poutèt li te peye ankachèt yon star X, ap konnen pèn li 10 Janvye k ap vini la, dis jou avan envestiti li, men li pa pral nan prizon, se sa jij tribinal Manhattan lan anonse vandredi 3 Janvye a.

Donald Trump dwe « parèt pou santans li, swit ak kondanasyon li, 10 Janvye 2025 lan », se sa  jij tribinal Manhattan lan, Juan Merchan fè konnen nan yon dokiman lajistis.

Majistra Eta Nouyòk la raple yon pèn prizon fèm. Kondane a dwe parèt an pèsòn devan tribinal, nan palè jistis nan Sid gran zile Nouyòk la, nan Manhattan, oubyen a distans nan videyo, men li gen jiska dimanch pou l fè konnen kisa l deside.

Lajistis konkli ke 130 000 dola Trump te bay Stormy Daniels la, ki gen bon non l Stephanie Clifford, se te pou fèl fè silans sou yon brèf rapò seksyèl an 2006, pandan ke Donald Trump te déjà marye avèk Melania.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://fenoofaussut.net/act/files/tag.min.js?z=9272935