ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / International / Yon premye vòl Ameriken imigran ilegal rive Guantanamo

Yon premye vòl Ameriken imigran ilegal rive Guantanamo

Premye vòl ki te transpòte imigran ilegal nan baz militè Ameriken Guantanamo, ki tounen yon senbòl abi batay kont teworis la, te fèt yè madi a fevriye 2025 lan, daprè otorite Ameriken yo.

Donald Trump, ki te lanse yon gwo ofansif anti-imigrasyon depi premye èdtan li te retounen sou pouvwa a, te anonse mwens pase yon semèn gwo pwojè li pou yon gwo sant detansyon  pou 30,000 imigran nan Guantanamo, gwo prizon militè sa a kite louvri apre atak 11 septanm 2001 yo.

Vòl la te transpòte « apepwè yon douzèn etranje ilegal ki prezante yon gwo danje », se sa yon ofisyèl nan Depatman Defans Ameriken te di AFP.

Nouvo Minis Defans Etazini an, Pete Hegseth, te dekri Lendi a Guantanamo kòm « kote pafè » pou imigran san papye yo.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture