Yon premye gwoup depòte rive Ayiti jodi Madi 04 Fevriye a. Avyon ki pote moun sa yo ateri nan ayopò kap Ayisyen an, kote Ofis Nasyonal Migrasyon(ONM) te resevwa yo. Chak depòte yo te resevwa 5 000 goud.
Premye gwoup sa a ki anviwon 25 moun, gen 13 ladan yo ki gen akizasyon krim sou do yo, 18 vini san paspò . Gen nan yo ki di yo te kite Ayiti depi anviwon 20 lane men gen youn ki konfime ke li te antre Ozetazini nan kad pwogram Biden alòske gen lòt ki te fè yon long vwayaj, pase Meksik, pou ale Ozetazini.
Malgre anons depòtasyon masiv la, Otorite Ayisyen yo pa pran okenn bon jan dispozisyon pou akeyi moun sa yo. Anpil nan yo pral gaye nan lanati, sa ki ka pwovoke ogmantasyon gang yo nan peyi a.
Sitiyasyon sa a mete enkyetid nan popilasyon an sou sekirite ak re-entegrasyon endividi sa yo. Pandan ke peyi a deja ap fè fas ak yon kriz ekonomik atwòs, rive depòte sa yo riske agrave kriz la.