ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / International / Yon lòt gwo dife eklate nan Los Angeles nan Etazini

Yon lòt gwo dife eklate nan Los Angeles nan Etazini

Yon nouvo dife eklate Mèkredi 22 Janvye 2025 lan nan nò Los Angeles, nan Etazini, epi pwopaje byen rapid ak gwo vitès, sa ki lakòz plis pase 3,800 ekta tè  te anba lafimen nan kèk èdtan. Byen rapid, enviwon  31,000 moun te resevwa lòd pou deplase ak 20,000 yo te mande pou  kite zòn lan.

« Mwen priye pou Bondye pwoteje kay nou an pou l pa boule, » se sa yon mesye te di nan estasyon televizyon KTLA pandan li t ap chaje machin li.

Plis pase 4,600 ponpye angaje te deja sou plas , avèk èd pa avyon ak elikoptè pou lage dlo .

Donald Trump deklare ankò Mèkredi a ke Kalifòni manke dlo akòz politik anviwònman Demokrat yo te itilize, ki ta devye dlo lapli pou pwoteje yon pwason.

« Mwen pa panse ke nou ta dwe bay Kalifòni anyen jiskaske yo kite dlo a koule soti nan nò rive nan sid » nan eta a, se sa prezidan ameriken an repete pandan premye entèvyou li nan televizyon Fox news depi inogirasyon li.

Toupre lak la, kat prizon ki gen yon total de 4,700 moun menase pa dife a.  Youn nan yo te evakye 500 prizonye li yo epi transfere yo, eksplike Robert Luna.

Nan yon moman kote Los Angeles te apèn sot pran yon dife ki te eklate nan kòmansman mwa janvye ki defigire yon pati nan vil la, touye prèske trant moun, se pi mal ankò pou popilasyon vil la akoz nouvo dife sa a ki koze plis dega.

Avèk France 24

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://aiharsoreersu.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture