Vinicius Junior, zetwal Real Madrid, nonmen pi bon jwè FIFA pou ane a, madi 17 desanm 2024 la pandan seremoni « The Best » nan Doha, Katar. Yon rekonpans byen merite pou brezilyen an, ki kontinye briye ak klub li an apre yon sezon eksepsyonèl.
Viktwa sa a pou Vinicius Junior vini apre afwontman Real Madrid te santi pandan seremoni balon dò a nan vil Paris oktòb pase a. Vreman vre, klèb Merengue lan te anile patisipasyon jwè li a nan evènman an kòm yon siy nan pwotestasyon kont viktwa mitan teren Panyòl Rodri, jwè Manchester City.
Anplis de sa, Real Madrid te briye sou sèn entènasyonal la ak viktwa antrenè li a, Carlo Ancelotti, ki te pran tit pi bon antrenè ane a. Italyen an, ki te deja distenge pandan Ballon d’Or a, ajoute yon nouvo distenksyon nan lis li.
Nan kategori feminen an, panyòl Aitani Bonmati, doub ballon d’or, te pran tit pou dezyèm ane a youn dèyè lòt, sa konfime estati l kòm meyè jwez nan mond lan. Pèfòmans eksepsyonèl li avèk FC Barcelone ak seleksyon panyòl la te apresye nan mond foutbòl la.
De(2) loreya yo te pran pawòl sou sèn pou remèsye fanatik ak ekip yo. Vinicius ak Ancelotti ap prepare kounya a pou diskite final koup entèkontinantal la Kont klèb meksiken Pachuca a, ki konte fèt Mèkredi a 18 tè nan Doha.