ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / International / Tony Mix bay yon anbyans ekstraòdinè nan okasyon selebrasyon fèt vodou a nan peyi Benen

Tony Mix bay yon anbyans ekstraòdinè nan okasyon selebrasyon fèt vodou a nan peyi Benen

Dj ayisyen ki pi popilè aktyèl la te ofri, vandredi 10 janvye a, yon bèl pèfòmans pandan 2yèm edisyon Vodun Days, nan peyi Benen. Yon pèfòmans ki te enpresyone atis Beninwaz ak enfliyansè Axel Merryl, ki te plonje piblik la tou nan yon gwo vizyon.

Tony Mix pwofite moman sa a pou l fè pwomosyon imaj Ayiti nan peyi Benen.Li fè foto ansanm ak jèn Beninwaz yo ki eksprime admirasyon yo pou premye Repiblik nwa ki te endepandan nan mond lan.

Jounen Vodun, ki gen ansyen non l Vodoun Festival, fèt chak ane soti 9 pou rive 10 janvye nan Ouidah, Benen. Evènman entènasyonal sa a selebre boza, kilti ak espirityalite ki lye ak Vodun atravè yon pwogram rich, ki konbine aktivite kiltirèl ak seremoni.

Pou edisyon 2025 la, ki te òganize pa Ajans Devlopman Atizana ak Kilti (ADAC), fèstivite yo pwolonje sou twa jou, 9, 10 ak 11 janvye. Nan mwa septanm 2024, yon lwa te adopte, kote yo bay de(2) jou ferye piblik nan onè selebrasyon anyèl sa a ki dedye a relijyon tradisyonèl yo, kiltirèl ak espirityèl nan peyi a.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://upskittyan.com/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture