ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / International / Tiktok pa aksesib Etazini

Tiktok pa aksesib Etazini

Se jodi Dimanch 19 Janvye 2025 lan, dekrè pou kanpe Aplikasyon Chinwa a, Tiktok sou teritwa Ameriken an aplike, sepandan, depi Samdi swa Tiktok dekonekte nan peyi Etazini. Yon sitiyasyon ki gen enpak, non sèlman sou itilizatè nan USA, men Ayiti tou.

Apre plizyè tan ap goumen pou jwenn yon antant, Kou siprèm Etazini aplike lwa pou te kanpe Aplikasyon Chinwa a, Tiktok, pliske yo pa dakò vann li. Malgre gen rimè k ap kouri kòmkwa Elon Musk gen chans achte l, enfòmasyon sa poko ofisyèl.

Pou jodi Dimanch lan, menm si w Ayiti, ou p ap ka telechaje Aplikasyon Tiktok la.

Yon lòt bò, Prezidan eli a, Donald Trump  anonse jodi dimanch lan entansyon li pou l pibliye yon dekrè aprè envesti li demen Lendi 20 Janvye a, pou sispann lwa ki entèdi TikTok nan peyi Etazini an, e li pwopoze ke  Ameriken dwe yon aksyonè a 50% nan rezo sosyal la, se sèl fason pou l kontinye fonksyone.

Ki avni jèn fanm ak jèn gason ki te konn viv gras ak Aplikasyon sa a? Èske Clapper ki sanble ak Tiktok ap ofri menm avantaj ak itilizatè yo? Yon kesyon ki ta dwe entèpele otorite ameriken yo.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://pertawee.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture