Nan yon pwen près komisyon minisipal Taba a te bay yè Jedi 6 Fevriye 2025 lan, li mande popilasyon an pou rete vijilan pandan 7 Fevriye a, yon dat senbolik, ki ka pwovoke anpil tansyon fas ak gang yo k ap simen latwoublay nan popilasyon an.
Prezidan komisyon an, mesye Arsonval Alexandre te ekspoze sitiyasyon komin lan. Daprè li, pozisyon jewografik Taba a rann li plis vilnerab, fas ak tout zòn yo ki deja anba kontwòl nèg ak zam yo. Mesye Wilner Etienne ak madan Gémima Lovelace te ensiste sou pakèt menas ki genyen sou rejyon an.
Fas ak sitiyasyon sa a, mesye Alexandre mande yon vijilans kolektif. Li mande pou tout sitwayen, komite katye yo, kominote relijye yo, ansanm ak tout òganizasyon pou ini yo pou pwoteje komin lan, ki deja yon refij pou plizyè moun ki deplase kite zòn yo.
Yon lòt bò, komisyon an te fè yon rale sou difikilte meri a rankontre pou kolekte taks, akoz majorite boutik yo ki fèmen, sou menas gang. Mesye Alexandre ki konsyen de difikilte komin lan ap travèse, te deklare ke san yon entèvansyon leta santral ak ranfòsman fòs lòd yo, li p ap ka kenbe pwomès li nan garanti sekirite sitwayen Taba yo.