ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / Culture / Soup joumou, yon patrimwàn kiltirèl ayisyen

Soup joumou, yon patrimwàn kiltirèl ayisyen

Soup joumou se yon manje tradisyonèl Ayisyen ki gen yon gwo siyifikasyon kiltirèl ak istorik. Li pa sèlman yon soup, men yon senbòl pou endepandans Ayiti ak libète pèp ayisyen. Soup joumou, ki fèt ak joumou (potiron), vyann, legim, pasta, ak epis, se yon plat ki te itilize nan tan kolonyal la kòm yon manje espesyal, esklav yo p at gen aksè ak li . Lè Ayiti te jwenn endepandans li an 1804, Soup joumou te vin tounen yon senbòl libète ak viktwa kont esklavaj.

 

Tradisyonèlman, soup joumou fèt nan jou 1 janvye, pandan selebrasyon Fèt lendepandans Ayiti. Nan sans sa a, li se yon tradisyon ki rasanble fanmi yo ansanm, kote yo pataje plat la kòm yon mak rekonesans pou sakrifis o yo ak pou valè libète ak diyite.

 

Ou ka li tou:

 

An 2021, UNESCO te deklare Soup joumou kòm yon patrimwàn kiltirèl imateryèl Ayiti, ki se yon rekonesans nan nivo mondyal pou enpòtans li nan istwa, kilti, ak tradisyon Ayisyen. Se yon pati esansyèl nan patrimwàn gastronomik peyi a, e li se yon plat ki kontinye viv nan kè ak nan kizin Ayisyen yo jodi a.

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://upskittyan.com/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture