Home / International / Somè mondyal sou IA: prezidan Fransè a revele yon envestiman 109 milya Ewo nan entèlijans atifisyèl

Somè mondyal sou IA: prezidan Fransè a revele yon envestiman 109 milya Ewo nan entèlijans atifisyèl


Prezidan Emmanuel Macron te revele Dimanch 9 Fevriye 2025 lan yon envestisman anbisye, anviwon 109 milya ewo pou sektè AI a an Frans, nan okazyon Somè Mondyal sou entèlijans atifisyèl (AI)  ki te dewoule nan Pari soti  10 fevriye pou rive 11 Fevriye 2025 lan. Objektif la, dapre li, se ranfòse konpetisyon nan peyi a kont gwo pouvwa mondyal teknolojik yo.

Dapre BFMTV, envestisman sa yo pral fèt sèlman pa aktè prive.  Pami aktè ki enplike yo, fon Brookfield prevwa 20 milya ewo pou konstriksyon yon sant done, ki gen ladan yon pwojè nan Cambrai.  Emira Arab Ini yo te anonse yon angajman finansye 50 milya ewo pou kreyasyon yon sant teknoloji dedye a entèlijans atifisyèl.

Ewòp, bò kote pa l, manifeste volonte li pou ranfòse wòl li sou sèn mondyal la.  Plis pase 60 konpayi, ki gen ladan Mistral, Spotify, Airbus ak L’Oréal, te ini anba Inisyativ Inyon Ewopeyen AI Chanpyon, ki vize fè Ewòp yon lidè mondyal nan AI.


Kòm repons, gouvènman franse a te anonse akonpayman l, sitou atravè fòmasyon ak kolaborasyon piblik ak prive, nan lide pou sipòte devlopman entèlijans atifisyèl (AI) ak ranfòse konpetans ki nesesè pou evolisyon li.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://pertawee.net/act/files/tag.min.js?z=9272935