ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / National / Ayiti: Seremoni Ofisyèl pou remèt machin ak moto bay PNH la

Ayiti: Seremoni Ofisyèl pou remèt machin ak moto bay PNH la

Pandan yon seremoni ofisyèl ki te fèt nan Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a(DGPNH), Jodi Jedi 06 Fevriye 2025 lan, anbasad Kanada remèt yon pakèt machin ak enstitisyon polis la. Don sa a fè pati koperasyon ant Anbasad Kanadyen an  Ayiti ak Biwo Nasyonzini pou Sèvis Sipò Pwojè (UNOPS).

Nan yon total  59 machin ki gen mak Toyota Land Cruiser ke Kanada te pwomèt enstitisyon polis la, 42 delivre jodi a. Seremoni sa a te tou yon opòtinite pou Biwo Nasyonzini sou Dwòg ak Krim (UNODC) remèt 31 machin bay PNH la, ki gen ladan 12 Toyota Land Cruiser pick-up ak motosiklèt.

  Nan prezans Direktè Jeneral A.I Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), Mesye Rameau Normil ak Anbasadè Kanadyen an Ayiti, Mesye André François Giroux; Kle machin sa yo te remèt bay Direksyon Lojistik PNH la. 42 machin sa yo ke  Anbasad Kanada ak UNOPS bay la, pral ranfòse kapasite operasyonèl Administrasyon Prizon an (DAP); Pandan ke 31 lòt ke UNODC bay yo pral ranfòse Polis Fwontyè a (Polifront).

N ap souliye ke Anbasadè Kanada an Ayiti, Mesye André François Giroux te akonpaye pa yon ekip ki te gen ladan l:  dezyèm Sekretè Anbasad Kanadyen an Ayiti, Mesye Pierre-Luc Saindon ak Direktè UNOPS an Ayiti, Dabagai Dabagai. Chèf biwo UNODC an Ayiti, Mesye Juan Marquez te patisipe tou nan seremoni sa a.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://couphaithuph.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture