« Footsider » se non aplikasyon « Ronaldinho ak Yacine Brahimi » te kreye nan lide pou bay tout jwè posibilite pou vann tèt yo. Daprè Brezilyen an, travay sa vini apre yon long konsta nan mond foutbòl.
Gras ak aplikasyon sa a, jwè yo gen posibilite reyalize rèv yo, sa vle di « vin yon jwè pwofesyonèl », se premye objektif la daprè fondatè « footsider » yo. Se yon opòtinite tou pou jwè yo vann tèt yo epi ede piblik la konnen yo plis. Yon lòt bò, Aplikasyon sa mete an relasyon jwè yo ak klèb yo, rekritè yo epo ajan yo.
Yon lòt objektif aplikasyon sa a, se chache plis enfòmasyon sou: jwè yo, klèb yo ak sponsò yo nan lide pou kreye yon gran fanmi nan mond foutbòl la kote youn ap ka ede lòt. Daprè Aljeryen Yacine Brahimi, youn nan fondatè Footsider.
« Mwen vrèman renmen opòtinite pou ede lòt jèn yo reyalize rèv yo pou yo vin yon foutbolè pwofesyonèl. Foutbòl te ban nou anpil. Kounye a se nou menm ki dwe bay lòt jèn ki reve tou pou yo vin foutbolè pwofesyonèl. Se sa ki touche m pi plis. Nan tan mwen an, mwen sonje li te konplètman diferan. Pa t gen entènèt. Se te nan lari a. Apre sa, mwen te wè anpil jèn ki gen anpil talan ki pa rive vin foutbolè. Poukisa yo pa ka ba yo yon dezyèm chans? » se sa Ronaldinho deklare.

Aplikasyon sa ki te kreye depi kèk lane, se yon opòtinite majè pou foutbolè yo. Travay sa tou moutre lanmou fondatè yo pou akonpanye lòt jèn nan karyè yo.