Se jodi Samdi 25 pou rive 31 Janvye 2025 , Prezidan konsèy Tranzisyon an, Leslie Voltaire akonpanye ak yon delegasyon antame yon seri vizit nan peyi Itali, Vatikan ak Lafrans. Vizit sa yo ap gen pou misyon ranfòse lyen zanmitay ak koperasyon epi mobilize èd entènasyonal pou redrese Ayiti.
Pandan pakou sa a, Leslie Voltaire ap rankontre pap François ak prezidan Fransè a Emmanuel Macron. Dyalòg sa yo enskri nan kad ranfòsman relasyon bilateral ak miltilateral, fokis sou sekirite, èd imanitè, refòm enstitisyonèl ak relve ekonomi peyi Dayiti.
Vizit sa yo ki se yon etap esansyèl nan demach KPT a, ap òganize sou twa pwen:
- Retabli klima sekirite a
- Revizyon konstitisyonèl ak refòm enstitisyon piblik yo
- Òganizasyon eleksyon nan peyi a.
Diskisyon sa yo ap baze sou difikilte Ayiti ap travèse, kesyon gang k ap simen twoub pi plis chak jou nan peyi a, kriz imanitè ki touche mwatye popilasyon an, ak sitiyasyon difisil moun ki deplase pou vyolans gang yo ap travèse.


