Pandan yon entèvansyon Liné Balthazar, prezidan pati politik PHTK a, fè sou panel Magik maten Madi 10 Janvye 2025 la, li revele yon enfòmasyon gen mete twoub nan popilasyon an: gwoup kriminèl « viv ansanm » fè pati òganizasyon ki enplike nan negosyasyon politik Caricom lan. Diskisyon sa yo vize modifye fason tranzisyon an ye a nan ye peyi a.
Daprè M.Balthazar, yo remèt lis sa a bay Caricom pou idantifye pati kle ki kapab rezoud kriz sekirite a, ansanm ak gwoup teworis k ap simen twoub ki pwovoke enstabilite peyi a. Enplikasyon yon òganizasyon kriminèl nan yon pwosesis pou jwenn lapè ak estabilite rann anpil kesyon ap poze sou kredibilite negosyasyon an ak volonte otorite Ayisyen yo pou fini ak dosye gang sou bout tèt papa Desalin lan a.
Eskandal sa mete limyè sou lyen ki genyen nan mitan politisyen yo ak rezo kriminèl yo. Kòman fè yon bann moun ak gwoup teworis ki ta dwe reponn kesyon lajistis epi pran sanksyon pou zak yo poze, patisipe nan gwo diskisyon sou avni peyi a? Bagay sa a riske mete plis dout sou dirijan ayisyen yo.
Yon lòt bò, anpil kesyon ap poze sou enplikasyon entènasyonal la nan negosyasyon yo. Èske zanmi etranje yo swadizan di k ap soutni Ayiti nan rezoud kriz sekirite a, pa konplis nan mannigans politik sa a? Kolaborasyon entènasyonal la ak rezo kriminèl yo ogmante fristrasyon ak dezespwa pèp ayisyen an.
Pou anpil moun, sanble pa gen espwa ankò. Kriz politik ak politisyen ki nan tete lang ak gang yo sanble vle disparèt Ayiti, se sèl yon entèvansyon Diven ki ka libere peyi sa a anba grif kriminèl ak kostim yo.