Copyright ©️ 2025 Le Bainétien. Site édité avec ❤️ Par Saul Guerrier

Konseye Prezidan Laurent Saint-Cyr te òganize, jedi 23 janvye 2025 lan, nan otèl Oasis, yon rankont ak reprezantan divès asosyasyon nan sektè prive a pou diskite sou òganizasyon eleksyon yo an Ayiti. Pandan rankont lan, ekspè Benzico Pierre ak Bingel Victor te prezante sistèm elektoral ayisyen an ansanm ak defi lojistik ak òganizasyonèl ki mache ak pwosesis sa a.
Rankont sa a se premye nan yon seri ki vize mobilize tout fòs viv peyi a pou garanti eleksyon ki kredib, enklizif, ak transparan. Nan kad dyalòg ouvè ak konstriktif sou òganizasyon eleksyon yo, Konseye Prezidan Laurent Saint-Cyr te raple: « Eleksyon pou renouvle pèsonèl politik la fè pati senk (5) gwo aks priyoritè tranzisyon sa a. Sa se yon chantye ki pa ka tann ni ki pa dwe tann. Siksè li se yon kondisyon endispansab pou mennen peyi nou an nan estabilite ak devlopman dirab chak Ayisyen ak Ayisyèn merite a. »