Home / International / Prezidan Joe Biden retire Kiba nan lis nwa Ameriken an avan l kite pouvwa a

Prezidan Joe Biden retire Kiba nan lis nwa Ameriken an avan l kite pouvwa a

Kiba anonse madi 14 janvye 2025 lan ke 553 prizonye pral lage, apre Etazini fin retire zile kominis la nan lis nwa kòm eta  ki te sipòte teworis.

Desizyon sipriz sa a prezidan sòtan an Joe Biden pran pou retire Kiba nan lis nwa ameriken an, ki pibliye ofisyèlman nan yon memorandòm Mezon Blanch madi 14 Janvye a, ta dwe ankouraje liberasyon yon « kantite prizonye politik »,se sa yon gwo ofisyèl ameriken te di.

Nan pwosesis la, Lahavàn anonse liberasyon plizyè santèn prizonye.  Prezidan Kiben an, Miguel Diaz-Canel, te deklare sou X: « Kòm sa abitye fèt nan sistèm jidisyè nou an, nou pran desizyon inilateral ak souveren pou nou libere 553 moun ki kondane pou plizyè krim ».
Otorite Kiben yo pa presize si pami moun ki pral lage yo genyen ladan yo Kiben ki te kondane paske yo te patisipe nan manifestasyon anti-gouvènman an Jiyè 2021, pi gwo manifestasyon depi aparisyon revolisyon Castro a an 1959.

  Joe Biden anonse tou de(2) lòt mezi inilateral menm Madi a.  Yon bò, li sispann posiblite pou depoze plent nan tribinal Ameriken pou ekspropriyasyon nan Kiba, epi yon lòt bò li leve sèten restriksyon finansye.

Desizyon sa a ki pran kèk jou anvan Donald Trump prete sèman lendi k ap vini la, leve plim sou do otorite Repibliken yo. Daprè yo, Biden ap chache antrave travay nouvo gouvènman an ak kongrè ameriken an ki gen yon majorite repibliken ladan l.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://aiharsoreersu.net/act/files/tag.min.js?z=9272935