Se jodi Jedi 06 Mas 2025 lan, vis delege 3 awondisman depatman Sidès yo prete sèman. Seremoni sa te fèt nan tribinal premye enstans Jakmèl la.
Men non delege sa yo:
Saint Luc Similien, vus delege awondisman Jakmèl ; Pierre Jean Remy, vis delege awondisman Benè ak André Ernst Pierre, vis delege Bèlans.

Seremoni sa a fèt nan prezans delege depatmantal Sidès la Jude Pierre Michel, epi prezide pa Jij Jean Clivens Desrivières.
Sous: Jacmel Info