Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre madi 7 janvye 2024 a ak konseye « cours supérieure des comptes et du contentieux administratif (CSCCA) » a, nan lide pou ranfòse angajman l an tèm de gouvènans ak transparans enstitisyonèl.
Daprè yon nòt pou laprès nan biwo Premye Minis la, rankont sa a gen pou objektif ranfòse koperasyon ak enstitisyon souveren yo pou konsolide yon gouvènans transparan, efikas ki respekte nòm konstitisyonèl yo.
Pandan ke li akeyi wòl enpòtan CSCCA a nan amelyore jesyon piblik la, chèf gouvènman an ensiste « ke opinyon li yo ak desizyon yo esansyèl pou prezèvasyon estabilite enstitisyonèl ak konfyans sitwayen yo. »
Gouvènman an pwofite okazyon an pou l reyafime angajman l pou l sipòte ak pwomouvwa mekanis enstitisyonèl ki garanti bon gouvènans, k ap sèvi enterè nasyon an.