Home / National / PNH la resevwa 6 milyon dola ekipman lou nan men anbasad Etazini

PNH la resevwa 6 milyon dola ekipman lou nan men anbasad Etazini

Lapolis Nasyonal Dayiti  resevwa jodi Lendi 10 Fevriye 2025 lan, nan men Anbasad Etazini nan Pòtoprens yon pakèt materyèl woulan ki gen ladan: nèf machin, 2 kamyon, 2 bakolodè ak bouldozè.  Yo bay PNH sisan fizi tou. 

Seremoni pou remèt materyèl sa yo dewoule nan lokal  jeneral enstitisyon polis la nan Clercine, an prezans prezidan Konsèy prezidansyèl Tranzaksyon an, Leslie Voltaire, direktè jeneral PNH la, Rameau Normil, anbasadè Etazini ann, Denis B. Hankins, kòmandan Misyon fòs Sekirite miltinasyonal la, Godfrey Otunge.

“Materyèl sa yo pral ranfòse kapasite operasyon Lapolis, Fòs Lame Dayiti  a ak Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal ki angaje nan operasyon yo.  Materyèl sa yo pral pèmèt lapolis antre nan zòn ki anba enfliyans gang yo,” se sa  Anbasadè Hankins deklare.

Sipò sa a se yon pati nan koperasyon ant Etazini ak Ayiti, ki vize estabilize peyi a ak konbat ensekirite a ki ap paralize plizyè rejyon nan peyi a.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://couphaithuph.net/act/files/tag.min.js?z=9272935