Home / Politique / PM Alix Didier Fils-aimé ak kèk nan konseye prezidansyèl yo vle revoke plizyè direktè jeneral

PM Alix Didier Fils-aimé ak kèk nan konseye prezidansyèl yo vle revoke plizyè direktè jeneral

Daprè enfòmasyon Métronome pibliye sou kont X li, Gouvènman an ansanm ak kèk manm nan CPT a vle  revoke ak tout fòs  direktè jeneral Ladwàn yo, ULCC, PNH, ak kèk lòt ankò.  Apre echèk konsèy minis vandredi 28 Fevriye 2025 lan, pandan yon rankont ak CPT a jodi  lendi 3 Mas 2025 lan, Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak 4 konseye prezidansyèl yo mete revokasyon direktè jeneral sa yo sou tab. 

Sepandan, konseye Edgard Leblanc Fils, Fritz Alphonse Jean ak Leslie Voltaire opoze ak desizyon sa a, yo di ke desizyon sa a ka afebli  tranzisyon an pi plis, ki deja konteste pa popilasyon an. Inisyatè ki vle revoke direktè sa a yo vle pou vle pou gen yon konsèy minis jedi k ap 6 Mas 2025 lan, yon jou anvan Fritz Alphonse Jean pran tèt CPT a.

Pandan ke ensekirite a rive nan yon nivo ekstraòdinè , otorite yo vize fè chanjman estratejik sa yo, nan chache ranfòse kapital politik ak ekonomik yo nan detriman popilasyon an. Ki espwa ki genyen pou ti pèp la k ap mouri chak jou anba kout bal bandi, anba de grenn je otorite yo ki chita nan goumen pou pòs?

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://aiharsoreersu.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture