Home / Sécurité / Plizyè dizèn solda Salvadoryen ateri nan ayopò Entènasyonal Tousen Louvèti a

Plizyè dizèn solda Salvadoryen ateri nan ayopò Entènasyonal Tousen Louvèti a

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire ansanm ak Direktè Jeneral Polis nasyonal la Normil Rameau, responsab Misyon miltinasyonal la Jeneral Godfrey Otunge, anbasadè Kanada an Ayiti a André François Giroux, anbasadè Lafrans nan peyi a Antoine Michon, resevwa jounen madi 4 fevriye 2025 lan, nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, plizyè dizèn polisye ki soti nan peyi Salvadò.

Polisye sa yo vin ogmante epi ranfòse Fòs miltinasyonal la nan batay kont nèg ak zam yo nan peyi a. N ap raple w tou se menm jodi Madi a Etazini mande pou kanpe touswit èd finansye pou fòs la.

Nan okazyon sila a, Prezidan KPT a salye vini polisye salvadoryen yo epi swete yo byenvini nan peyi a. Pi lwen, Ekselans Leslie Voltaire fè konnen li konte sou sipò yo pou mete ansanm ak Fòs lòd Ayiti yo epi lòt manm Misyon miltinasyonal la pou tabli lapè nan peyi a.

Ki avni ki genyen pou fòs Miltinasyonal la si Etazini ta kanpe definitivman èd yo? Ki enpak sa ta pral genyen sou ensekirite k ap vale tèren ann Ayiti a?

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://shoukigaigoors.net/act/files/tag.min.js?z=9272935