ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / Haïti / Piblikasyon rezilta bak pèmanan pou 10 depatman yo

Piblikasyon rezilta bak pèmanan pou 10 depatman yo

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP)  enfòme piblik la, ak kominote edikasyon an, ke rezilta egzamen pou premye sesyon rekale yo (Bac pèmanan), Ane akademik 2024-2025 yo disponib pou Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) pou Nòdès, Sidès, Nò, Nippes, Nòdwès, Sid ak  nan Latibonit.

Dapre done Biwo Nasyonal Egzamen Leta yo (BUNEXE) kominike, pou Nòdès la, sou yon total 5,621 patisipan, 1,394 reyisi, sa vle di yon pousantaj 24,8%.

Pou Sidès la, sou yon total 1416 patisipan yo, 388 reyisi, sa vle di yon pousantaj 27.4%.

Pou Nò, sou yon total 1578 patisipan, 967 reyisi, sa vle di yon pousantaj 61,28%.

Pou Nip, sou yon total 2203 patisipan, 1523 reyisi, sa vle di yon pousantaj  69.13%.

Pou Nòdwès la, sou yon total 3135 patisipan, 404 reyisi, sa vle di yon pousantaj 12.89%.

Pou Sid la, sou yon total 1744 patisipan, 749 reyisi, sa vle di yon pousantaj 42.95%.

Pou Latibonit, sou yon total 5286 patisipan, 1658 reyisi, sa vle di yon pousantaj 31,37%.

MENFP envite kandida yo pou yo tcheke rezilta yo ki pral parèt nan DDE a rapid. 

Jouk jounen jodi a, rezilta egzamen yo pou premye sesyon kandida rekale yo (Bakaloreya pèmanan) ane akademik 2024-2025 yo pibliye pou 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://eechicha.com/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture