Se jodi vandredi 24 Janvye 2025 lan, Dekrè pou nonmen ansyen Depite Port-Salut a,Bertrand Sinal kòm Minis Sante Piblik ak Popilasyon an pibliye nan jounal ofisyèl peyi a Le Moniteur.
Doktè Sinal te chwazi pandan Konsèy Minis 20 janvye 2025 la, ansyen depite Port-Salut a ki nonmen nan pozisyon kle sa a pral gen misyon prensipal pou ranfòse ak modènize sistèm sante a nan peyi a.