Meksik refize akòde demann administrasyon Prezidan Donald Trump fè pou yon avyon militè ameriken ki pote imigran Lèzetazini depòte yo ateri sou teritwa li. Se sa yon ofisyèl ameriken ak yon ofisyèl Meksiken te di ajans nouvèl Reuters vandredi 24 janvye a.
Yon avyon militè ameriken depòte de gwoup 80 imigran nan Gwatemala Vandredi a. Sepandan, gouvènman an pa t kapab avanse ak plan pou ateri yon avyon transpò C-17 nan Meksik, apre otorite peyi Meksik yo te refize bay pèmisyon.
NBC News se premye medya ki rapòte desizyon an, epi yon ofisyèl ameriken ak yon ofisyèl Meksiken konfime enfòmasyon an.
Minis Afè Etranjè Meksik la pibliye vandredi a yon deklarasyon kote li di peyi a gen « trè bon relasyon » ak Etazini e li kolabore sou kesyon tankou imigrasyon.
Ofisyèl Meksiken an pa bay yon rezon ki fè avyon an pa t gen otorizasyon ateri. Pandan se tan, Ministè Afè Etranjè a pa mansyone ensidan an nan deklarasyon li.
Relasyon Etazini ak Meksik te pwovoke anpil diskisyon depi Trump te kòmanse dezyèm manda li lendi 20 janvye a, ak deklarasyon ijans nasyonal sou fwontyè 2 peyi yo. Li te bay lòd deplwaye enviwon 1,500 twoup Ameriken sou fwontyè a. Ofisyèl yo te di gen plizyè milye ki ka deplwaye ankò avan lontan.
