Paul Gerot Jean Baptiste, ki gen ti non popilè l « pa anmède » pa sispann fè pale de li. Apre anpil difamasyon sou ansyen gouvènman Ariel Henry a, ke li te toujou ap fè pwopagann pou li, kounya a se pou Premye minis Alix Didier Fils-aimé ak gouvènman ki la a.
Nan yon konferans pou laprès Eskwad demokratik te bay, se pa de koze Paul Gerot pale. Nan deklarasyon l, li di gouvènman aktyèl la se gouvènman l.
« Gouvènman sa a pa gen opozisyon, tout moun k ap pale anpil, se paske yo poko mete yon bagay nan pòch yo. Se sa li deklare ».
Nan kèk kesyon jounalis te poze l pandan konferans sa a, Pa anmède m menm arive di moun Solino kòmanse retounen lakay yo. Dapre mesye a, bandi yo kòmanse pran konsyans. Pa anmède ajoute: « jan nou jwenn lapè a se pou n kòmanse pran l. » « De ki lapè mouche a ap pale atò? »😀😀
Misye menm deklare li pa nenpòt moun. Li se pa anmède tout peyi a, tout moun konnen l. Pa lontan, ap gen pasaj nan matisan, si n kwè pawòl Paul Gerot.
Yon lòt bò, gang pa sispann fè pale de yo, se ka pou Babekyou ak pati politik li « viv ansanm », lanmò san jou ki bay tèt li non »Bawon laplèn » ak Jeff kanaran « alyas gwo lwa », pandan inosan ap mouri anba katouch ak grangou.