Home / National / Panik nan depatman Nò, moun Obòy kòmanse gen kè sote apre yon fin manje vyann bèt ki te mouri a

Panik nan depatman Nò, moun Obòy kòmanse gen kè sote apre yon fin manje vyann bèt ki te mouri a

Nan Awondisman Obòy, Depatman Nò
Plizyè sitwayen te fè fas ak yon sitiyasyon etranj sou plaj la jou ki te 14 Fevriye 2025 lan,  kote yo te jwenn yon balèn ble ki te rive sou kòt la, avèk 3 reken ki t ap vire alantou li. Dapre temwen ki te sou plas, yo te pè pwoche bò balèn nan, men lè yo leve nan maten, balèn lan te toujou la,  Pèp la, ak anpil kiryozite, te itilize  rach ak manchèt pou rache kò balèn lan, yo te pran li pou manje.

Ebyen popilasyon an kòmanse gen kè sote akoz de kote grès bèt sa a te tonbe a ki kòmanse boule. Otorite nan zòn nan deja mande ak tout moun ki te manje vyann bèt sa a ale lopital, avan ka a pi grav.

Sitiyasyon sa a moutre a klè ke pèp la pa sèlman nan ensekirite anba kout bal kriminèl, men grangou tou kòmanse mande yo bon regleman, akoz de tout teritwa peyi a ki prèske okipe pa gang, anba de grenn je otorite yo.

N ap raple w tou nan menm zòn yo te wè balèn nan ap flote sou dlo a, zòn kakao, nan Obòy,  ant lane 1992 ak 1993, te gen yon avyon ki te lage yon pakèt kokayin nan zòn sa e gen kèk moun kite panse se te farin, yo te fè labouyi ak yo.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://aiharsoreersu.net/act/files/tag.min.js?z=9272935