ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / Santé / Otorite nan Repiblik Demokratik Kongo(RDC) yo lanse yon kanpay bay san  pou ede sòlda lame Kongo yo

Otorite nan Repiblik Demokratik Kongo(RDC) yo lanse yon kanpay bay san  pou ede sòlda lame Kongo yo

Nan Repiblik Demokratik Kongo (RDC), otorite yo lanse yon kanpay bay san ki kòmanse Dimanch 02 Fevriye 2025 lan, pou ede sòlda lame Kongo a nan konba nan Lès peyi a kont gwoup ame M23 a ak lame Rwanda a.  De gwo tant monte nan Palè Pèp la, Palman an, pou kolekte san sa yo. Yon kanpay ki ta dwe dire (4)kat jou.

Anba yon gwo tant blan nan Kinshasa, anviwon ven moun chita sou chèz plastik ap tann pou bay san.  Men anvan sa, Doktè Egide Kalinda fè yon egzamen rapid.

“Nou dwe asire nou ke moun nan an bòn sante, kidonk nou pran tansyon an, batman kè a, epi nou poze kèk kesyon pou chèche konnen si pa gen yon patoloji kwonik, epi si tout bagay anfòm.  Apre sa, nou voye li pou pran echantiyon, « se sa li eksplike.

Otorite yo espere kolekte 5,000 sak san nan fen kanpay don sa a.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://upskittyan.com/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture