ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / Santé / OMS regrèt desizyon Trump pran pou retire Etazini nan òganizasyon an

OMS regrèt desizyon Trump pran pou retire Etazini nan òganizasyon an

Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) « regrèt » desizyon Prezidan Ameriken an Donald Trump pran pou l retire Etazini nan òganizasyon nan yon dekrè li siyen lendi kèk èdtan apre inogirasyon li.

« OMS twonpe nou, » òganizasyon an ki la pou siveye pandemi yo, piti chache fè kòb sou Etqzini, siyati dekrè sa ap kontribye nan pwogrè finansye Ameriken ak Chinwa a, Deklare nouvo lokatè mezon blanch lan.
Nan tèks sa a, li mande ajans federal yo pou yo « sispann tout nouvo transfè lajan, sipò oswa resous ki soti nan gouvènman Etazini an ki al jwenn OMS ».

« Nou espere ke Etazini pral revize pozisyon li epi angaje li nan yon dyalòg konstriktif pou sante ak byennèt dè milyon moun atravè mond lan, » se sa yon pòtpawòl òganizasyon an di nan Jenèv, epi espere « yon dyalòg konstriktif  » ak otorite Ameriken yo.

Etazini, ki te deja pran dispozisyon pou l kite OMS pandan premye manda  Trump lan nan ane 2020, se prensipal donatè ak patnè òganizasyon Nasyonzini an ki baze nan Jenèv.  Dapre OMS, yo kontribye nan finansman li yo atravè yon kontribisyon ki baze sou PIB, men tou, atravè kontribisyon volontè.

Retrè sa a mete anpil enkyetid anplis, desizyon an pran  nan yon moman kote sikilasyon viris grip avyè a ap ogmante nan peyi Etazini,  ki sou wout vin yon pwochen pandemi.  Peyi a te anrejistre yon premye ka lanmò ki lye ak viris H5N1 nan kòmansman mwa janvye.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://staupsoaksy.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture