Home / National / Nasyonzini mande pou PNH la sispann itilize dwòn Kamikaz kont gang yo

Nasyonzini mande pou PNH la sispann itilize dwòn Kamikaz kont gang yo

Dènyèman, Nasyonzini te mande gouvènman ayisyen an sispann sèvi ak dwòn Kamikaz pou konbat gang ame yo, li di aksyon sa yo se ekzekisyon ekstrajidisyè.  Deklarasyon sa a te rapòte pa Roudy Sanon nan dat 17 mas 2025 lan. Dwòn eksplozif,  Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH)  itilize pou kraze gwoup ame yo, gen anviwon 5,000 ki ta disponib.

Yon lòt bò, Plizyè òganizasyon dwa moun te deja mande leta pou lapolis kanpe sou tout operasyon ak dwòn kamikaz pwiske konstitisyon an pa rekonèt pèn de mò an Ayiti . Yo fè konnen si gouvènman an pa fè lapolis kanpe sou entèvansyon ak dwòn eksplozif yo,yo pral pote plent kont leta ayisyen nan piwo nivo.

Nasyonzini bò kote pa l ensiste sou respè pou lwa entènasyonal epi mande pou solisyon ki pa enplike vyolasyon dwa moun.

Étiquetté :

Un commentaire

Répondre à Saul Guerrier Annuler la réponse

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://couphaithuph.net/act/files/tag.min.js?z=9272935