Home / Sécurité / Nan Miragoâne, Komisè Muscadin entèdi lapolis kenbe bandi yo pran yo nan gadavi

Nan Miragoâne, Komisè Muscadin entèdi lapolis kenbe bandi yo pran yo nan gadavi

Komisè gouvènman jiridiksyon premye enstans Miragwàn lan, Jean Ernest Muscadin, entèdi ajan lapolis yo mete bandi yo arete yo nan gadavi . Li deklare nan mikwo laprès ke li entèdi tout polisye nan jiridiksyon l lan mete nan gadavi tout bandi yo fin arete yo.

Komisè Muscadin ki vle fè jiridiksyon lan tounen yon simetyè pou kriminèl yo, mande pou lapolis rele an ijans tout moun yo arete ki gen rapò ak bandi.

Lapolis pa gen dwa mennen okenn kriminèl nan komisarya apre yo fin bare l.  Desizyon sa a pran akòz feblès sistèm jidisyè a ak pou anpeche kriminèl yo retounen nan jaden an nan komèt pi move apre yon desizyon tribinal ki ta ka soti an favè kriminèl la.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://pertawee.net/act/files/tag.min.js?z=9272935