Mwen ekri nou jodi a ak anpil lapenn, ak yon kè chaje fristrasyon. Mwen santi m pa kapab ankò. Chak jou, m leve ak yon kè sere, m ap viv ak yon kè sote, m ap dòmi ak krentif pou sa ki ka rive m demen. Nou tout konnen sa k ap pase, nou tout konnen danje a ap grandi chak jou pi plis, men nou pa kapab fè anyen. Nou oblije ret tann. Tann kisa? Jou malè a ap frape lakay nou?
Mwen te toujou kwè nan rèv mwen. Mwen te toujou panse ke si m etidye, si m fè sakrifis, si m travay di, mwen ka gen yon lavi miyò, mwen ka ede fanmi m, mwen ka kontribye nan chanjman. Mwen te kwè ke si nou tout mete men, nou ka rebati peyi nou. Men chak jou, reyalite a frape m pi di. Rèv mwen yo ap efase tankou lanmè k ap vale sab sou rivaj. Jodi a, mwen pa menm sèten si m gen tan pou m fè rèv ankò.
M pa konn kilè sa pral rive, men mwen santi li toupre. Chak jou, nou tande nouvèl ki pi mal pase lòt. Chak jou, nou pèdi kontwòl sou sa nou te genyen. Nou pa gen lapè ankò. Nou pa ka viv ankò. Nou pa ka menm espère ankò. Lavi pa gen sans si ou pa ka konnen si demen ap ekziste pou ou.
Mwen toujou di tèt mwen fòk mwen kenbe, fòk mwen kontinye kwè. Men jodi a, mwen bouke. Mwen santi m san fòs. Mwen santi m ap gaspiye tan m ap chèche limyè nan yon mond k ap vin pi fènwa chak jou. N ap fè tout sa nou kapab, men èske sa vrèman sèvi yon bagay? N ap eseye kenbe, men pou konbyen tan ankò? Ki avni nou ka swete lè tout bagay n ap bati ka disparèt nenpòt kilè?
Si sa kontinye konsa, li klè ke nou tout ap pèdi. Chak jou, n ap pèdi yon lespwa. Chak jou n ap pèdi tèritwa. Nou pa menm konn si nou ap la demen. Kisa nou ka fè? Ki sa nou dwe fè?
Mwen pa vle di nou sa, men m santi m vle lage. Mwen santi m fatige ap espere, fatige ap mande tèt mwen si lavi a gen sans ankò. M toujou vle di nou m ap kenbe, m ap goumen, m ap kwè. Men jodi a, mwen jis pa kapab ankò. Si nou pa tande m ankò, si nou pa wè m ankò, sonje sa m te di nou jodi a. M p ap janm sispann renmen nou. Men lè lespwa disparèt, ki sa ki rete? Mwen swete gen yon jou kote nou ka viv san pè, kote nou ka reve ankò. Men jiskilè jou sa a va rive? Mwen pa konn si pou m kontinye ap tann li.
Mwen pa janm panse m t ap rive nan pwen sa. Mwen te toujou di tèt mwen, malgre tout difikilte sa yo, malgre tout laperèz sa yo, fòk mwen kenbe. Paske si m bay vag, si m lage, sa vle di m pèdi tout sa m te kwè ladan yo. Men jodi a, m ap mande tèt mwen si sa vo lapèn ankò. Paske depi nou kwè nou ka leve tèt nou, depi nou panse nou ka reprann souf, se tankou reyalite a frape nou pi di pou fè nou sonje nou pa gen kontwòl sou anyen.
Mwen santi m pa menm gen mo pou m dekri doulè sa a. Se pa yon bagay ki fèt yè, se pa yon chòk ki sot rive. Se yon chay k ap peze sou do m chak jou, k ap anpeche m respire. Se panse san rete sou sa k ap pase, sou sa k ka rive, sou sa mwen pa ka chanje. M ap viv ak yon kè sere, ak laperèz pou tout sa mwen renmen, san m pa konn si demen ap pi bon oswa si demen p ap menm egziste pou mwen.
Mwen gade tout sa nou pèdi deja, epi m mande tèt mwen si gen anyen ki rete pou n sove. Nou grandi ak espwa ke nou t ap bati yon avni, ke nou t ap fòme tèt nou pou nou ka ede peyi nou. Men jodi a, avni sa a pa klè ankò. Li vin difisil pou m panse ak demen lè tout sa ki te pou nou ap disparèt. Toutan n ap pèdi tèritwa, toutan lavi ap vin pi difisil, toutan nou ap oblije viv ak kè sere san nou pa konnen ki sa k ap rive apre.
Kilè sa ap fini? Kilè nou ka di nou lib pou n viv san laperèz? Kilè nou ka chita, pale, panse ak lavni san nou pa santi nou ap viv sou fil? Mwen te swete repons pou kesyon sa yo t ap klè, men jodi a, m pa wè yo. M santi m pèdi nan yon fènwa kote limyè pa parèt ankò.
Si nou pa tande m ankò, si nou pa wè m ankò, se pa paske m pa t vle kontinye. Men gen lè, lè yon moun pèdi twòp lafwa, li pa ka jwenn fòs pou l leve ankò. Si nou menm nou ka kenbe, fè sa pou nou, fè sa pou sa nou renmen, fè sa pou tout sa nou pa vle pèdi ankò. Paske mwen menm, m santi m pa gen souf ankò.
Magduel BEAUBRUN

Un commentaire
Bon yravay mon ami!