Platfòm sendika anseyan yo deside leve modòd grèv yo te lanse depi 6 janvye 2025 la nan lide pou chèche amelyore kondisyon travay anseyan lekòl piblik yo atravè 10 Direksyon Deptamantal Edikasyon(DDE) yo. Sendikalis yo mete yo dakò sou desizyon sa a aprè senk jounen negosyasyon ki te mobilize Premye Minis Alix Didier FILS-AIMÉ, Minis Ekonomi ak Finans, Alfred METELLUS, Minis Augustin ANTOINE, Direktè Jeneral Yves ROBLIN ak plizyè lòt kad nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP).
Antant sa a rive posib atravè yon « Ak Angajman » toulede pati yo siyen, men ki ranmase yon seri pwen esansyèl ki nan Kaye doleyans sendika yo Gouvènman an pran dispozisyon pou l satisfè yo nan yon tan ki pa twò long.
Suivan sa ki ekri nan dokiman an, otorite yo pran angajman sa yo:
1. Kontinye epi ranfòse operasyon k ap fèt pou regilarize anvan lontan sitiyasyon anseyan k ap travay san yo pa touche oubyen k ap travay san yo pa gen lèt nominasyon;
2. Trete dosye dèt Ministè a genyen pou anseyan yo (aryere salè);
3. Bay anseyan ak pèsonèl MENFP yo yon Kat debi kenz mil (15,000.00) goud apati fevriye 2025;
4. Gade nan tèt kole avèk enstans nan Leta sa konsène kòman anseyan yo ak lòt ajan nan Ministè a kapab rekòmanse benefisye kouvèti asirans piblik la;
5. Travay avèk PNCS pou pèmèt elèv ak lòt ajan edikatif yo gen yon pla cho ;
6. Mete kanpe yon komisyon miks pou travay sou sitiyasyon enstititè premye ak dezyèm sik fondamantal.
Se responsab kat platfòm sendika : COPLASEHQ, CUTRASEPH, PSEH, PHOTE, yon federasyon sendika : FENASE ak yon rezo sendika: RENATEPH ki siyen « Ak Angajman » sa a.
Aprè senk jounen negosyasyon sa yo, Premye Minis Alix Didier FILS-AIMÉ te konplimante sendikalis yo pou detèminasyon yo montre nan batay pou amelyore fonksyonman lekòl piblik yo. Chèf Gouvènman an rekonèt revandikasyon anseyan yo jis e li bay garanti l ap respekte pwomès li paske li pwomèt sa li ka livre. Nan non tout elèv lekòl piblik yo, nan non peyi a, Premye Minis Alix Didier FILS-AIMÉ di anseyan yo mèsi dèske timoun yo, ki se avni peyi, ap retounen lekòl semenn sa a .
Sou bò pa l, Minis Augustin ANTOINE felisite sendikalis yo pou jan yo te mennen negosyasyon yo avèk anpil serye. Menm si li admèt echanj yo dwe rapousuiv yon fason pou trete lòt pwen ki nan kaye revandikasyon anseyan yo. Minis ANTOINE di li satisfè paske grèv la leve e lekòl yo ap retounen travay kòmsadwa.
Responsab platfòm sendika, ki te enplike nan echanj sa yo, deklare yo satisfè pou avanse ki fèt avèk siyati « Ak d Angagjman » sa a, sitou nan sa ki gen pou wè ak aliyman salè anseyan premye ek dezyèm sik fondamantal yo sou salè twazyèm sik la ak segondè. Men tou desizyon Gouvènman an pran pou bay anseyan yo ak pèsonèl edikatif yo Kat debi.
Yo tout rekonèt nesesite pou dyalòg la kontinye nan objektif pou trete ak anpil serenite lòt revandikasyon tankou ajisteman salè, amonizasyon salè ant anplwaye ki nan biwo santral MENFP nan Pòtoprens ak sila yo ki nan Direksyon depatmantal yo, elatriye. Pou sa fèt, toulede pati yo ap gade byen « Arete sou estati patikilye pèsonèl edikatif yo » ki te pibliye nan jounal ofisyèl «Le Moniteur (Nimewo 54) » nan jou ki te vandredi 21 mas 2014 la.
Avèk MENFP
