ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / International / Marco Rubio di Trump pa pral entèvni Ayiti

Marco Rubio di Trump pa pral entèvni Ayiti

Aprè Prezidan eli a Donald Trump fin chwazi l, epi Sena a konfime l, ayè lendi 20 janvye 2025 lan, Marco Rubio prete sèman maten madi a, kòm nouvo Sekretè Deta Ameriken.Senatè Florida a prete sèman an prezans Vis-prezidan an J.D Vance, nan kad yon seremoni ki fèt nan Kongrè a.

Nap raple, nan kad seyans odisyon li devan komisyon senatoryal pou relasyon etranjè a, semèn pase, Marco Rubio ki se dezòmè Chèf diplomasi Ameriken an kounya, te fè yon kòmantè sou kesyon Ayiti a. « Trump pa pral entèvni an Ayiti, men lap sipòte misyon miltinasyonal la.

Nan dosye Ayiti a, mwen pa panse gen yon moun ki gen yon plan pou rezoud pwoblèm nan fasil konsa », se sa Rubio te di. Li rete kounya ak gouvènman Ayisyen an deside kisa y ap fè pou rezoud kriz ensekirite a, epi fè eleksyon avan gouvènman Trump lan fini.

Avèk Luckson Saint-Vil

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://eechicha.com/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture