Pou ouvèti 18yèm jounen Premye Lig la a, jedi 26 desanm 2024 sa a, Everton fè match nil ak Manchester City 1-1 nan estad Ethiad la.
Li evidan ke sipòtè Skyblues yo t ap tann yon revèy nan ekip yo, Manchester City, ki te nan yon enpas san parèy pou plizyè mwa.
Se nan yon match byen metrize ke kapitèn ekip la ouvè eskò nan kòmansman an, B. Silva 14′ men 22′ pita, Ndiaye egalize pou Everton.
Malgre yon penalite Toffees yo te jwenn nan 51e minit, Cityzens yo pa t pwofite pliske Haaland te rate penalite a, match la te kontinye ak yon eskò egalite (1-1) ki te rete jiska lafen.
Nouvo desepsyon pou ekip Pep Guardiola a ki pase 4 match youn apre lòt san yo pa fè okenn viktwa, lojikman yo nan 7èm plas.
Gen kèk ki Moun ki deja panse ke rezilta Premye lig la ta dwe bay nan fen Boxing Day la.